- Piblik
- Bagay ki fèt pou tout moun, tout moun gen dwa patisipe nan li, jwi avantaj li, itilize li tankou yon legliz, yon plas, yon pak.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Enpo — Yon kòb leta egzije moun peye sou yon bagay moun nan posede tankou yon kay pou pran swen zòn kote kay sa a ye. Yon kòb leta egzije patwon ritire sou kòb yo peye shak anplwaye. Kòb sa yo ede leta peye pou fè travay piblik yo … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Pibliye — Fè yon bagay vini disponib pou piblik. Eta yon bagay anpil moun vini konnen. Ekri yon liv epi peye yon konpayi pou fè anpil kopi liv la pou mete li vann nan librèri. Eta yon jounal ki disponib pou moun ashte … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Privatize — Retire yon bagay leta te posede nan men li pou bay lòt biznis kontwole li. Retire dwa piblik la te gen nan men li sou yon bagay … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Ri — Yon espas nan yon vil kote nenpòt moun gen dwa pase. Yon zòn piblik nan yon vil. Travay moun ki leve po boush yo pou mete dan yo deyò epi eksprime kè kontan yo … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Taksi — Yon vwati piblik ki pran pasaje yon kote epi ale depoze yo yon lòt kote epi yo peye shofè a kòb. Gen de gwoup taksi: yon gwoup pote yon sèl moun ou byen plizyè moun ki konnen yonn avèk lòt e lòt gwoup la pote plizyè moun menmsi yonn pa konnen lòt … Definisyon 2500 mo Kreyòl